Nan youn nan espas travay ki pi danjere nan West Virginia, yon konpayi renome bèt volay ap pwofite de travay imigran pandan plizyè dizèn ane.

The story was originally published by Mountain State Spotlight with support from our 2023 Impact Fund for Reporting on Health Equity and Health Systems.

MOOREFIELD — Yon apremidi nan 2020 ki te genyen anpil lapli, faktori poul Pilgrim’s Pride nan West Virginia te sal.

Labatwa a gen kwòk metal byen file, machin dezosaj ak senti transporteurs. Machin nan bouche plis pase yon milyon zwazo vivan chak semèn epi yo toujou kouvri ak salte bèt.

Jou sa a, plizyè douzèn travayè sanitasyon, anpil ladan yo Panyòl ak anpil lot imigran, tap lave machin yo nan plant ki posede pa pi gwo anplwayè Hardy County a. Yon nonm Pòtoriken te ajenou pou netwaye yon senti transporteur lè li te limen san atann.

Machin nan kole sou jakèt travay li, epi li rale’l. Mesye a rele nan gwo lapenn.

“Li te vrèman grav, yon bagay lèd,” se sa Marco te di, li se yon nonm ki soti Meksik ki tap osi netwaye labatwa a jou sa a.

Pandan l t ap pase yon biwo lwen liy lan, Marco te gen chans gade klè sou sa ki te rete anba sèvyèt san.

“Bra mesye a te pandye nan po a,” li te di.

Jan sèn sa te terib, Marco te wè anpil blesi menm jan an ki te fèt deja andedan faktori Pilgrim’s Moorefield, ki te bati sou yon fouchèt nan branch Sid Potomac River la. Li te konnen sa ki ka rive andedan plant la.

Image
Building on river bank

Izin Pilgrim’s Pride Moorefield bati sou South Fork nan South Branch Potomac River. 

(Foto pa Duncan Slade)

 

Pandan 30 ane ki sot pase yo, li menm ak plizyè milye lòt moun ki te kite peyi yo te vin nan Moorefield pou travay nan sèl plant bèt volay endistriyèl West Virginia. Anpil fwa yo sove anba povrete oswa vyolans, anpil moun imigre soti nan lòt peyi, epi lòt moun soti nan teritwa ameriken tankou Pòtoriko.

Chèche sekirite ak yon lavi miyò, yo te souvan fè fas a kondisyon travay danjere.

Pandan dènye deseni sa, plant Pilgrim’s Moorefield se te youn nan espas travay endistriyèl ki pa chabon, men ki pi danjere nan West Virginia.

Soti nan 2015 rive nan fen 2023, 12 anplwaye faktori yo te blese nan espas travay ki te mennen nan anpitasyon avek entène lopital, dapre done ki soti nan Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay. Pandan peryòd sa a, sèl espas travay West Virginia ki te blese pi grav se te yon moulen fèblan nan Weirton, ki te fèmen endefiniman nan mwa avril.